1 / 28

Pawòl Lavi a

Pawòl Lavi a. Desanm 2008. « Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa w » (Lk 22,42).

emma
Download Presentation

Pawòl Lavi a

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pawòl Lavi a Desanm 2008

  2. « Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa w »(Lk 22,42)

  3. Lap di nèt ale tout sa ki tap pase nan fen fon kè Jezi a. Kè l te chire, li te sote, tankou tout moun, devan lanmò Papa l te vle pou li. Eske w sonje pawòl sa? Se sa Jezi te di Papa l nan jaden Jetsemani a. Se pawòl sa ki te bay tout soufrans li yo sans, anvan li leve byen vivan.

  4. Men Jezi pat tann jou sa pou l ajiste volonte pal avèk volonte Papa l. Se sa li te fè tout tan lavi li.

  5. Si se te kondwit Jezi a, se sa tout kretyen ta dwe fè tou. Ou menm tou ou dwe repete nan lavi w :

  6. « Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa w »

  7. Petèt jous koulye a ou pat janm sonje sa, menm si w te batize epi se pitit legliz la w ye.

  8. Petèt ou te wè pawòl sa tankou yon fason pou w reziyen lè w pa kapab fè lòt jan. Men se pa sa pawòl sa vle di vre.

  9. Banm di w. Nan lavi a wap bezwen chwazi ant de chemen : fè sa w vle a oubyen chwazi fè sa Bondye vle pou w fè avèk tout libète pa w.

  10. Lè sa, ou kapab viv de kalite esperyans. Premye a va ba w desepsyon rapid rapid paske wap eseye monte mòn lavi a avèk pwòp lide w yo ki gen anpil limit, avèk mwayen ou yo, avèk ti rèv ou yo, avèk fòs ou yo.

  11. Sanzatan wap fè experyans yon ti lavi ki byen annwiyan, ki pa mennen okenn kote, ki gri, epi kèk fwa kap fè w pèdi espwa

  12. Wap mennen yon ti lavi ki konsa konsa malgre tout jefò ou kapab fè pou w ba li koulè men ki pap janm ba w kè kontan nèt ale. Ou dwe admèt se vre epi ou pa kapab di se pa vre. Nan finisman, wap rive nan lanmò san ou pap kite okenn tras : yon ti dlo nan je epi pyès moun pap sonje w ankò. Dezyèm chemen an se sila kote w va repete ou menm tou :

  13. « Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa w »

  14. Ou kapab imajine Bondye se tankou solèy la. Anpil reyon soti nan li epi yo rive jwenn chak moun. Se tankou volonte Bondye sou chak nan yo.

  15. Nan lavi a Bondye rele kretyen an, tankou tout moun ki gen bon santiman, pou l mache bò kote li nan limyè pwòp reyon pa li, ki pa menm pou chak moun epi ki pa sanble okenn lòt. Konsa lap rive reyalize bèl pwojè espesyal Bondye genyen sou li.

  16. Si wap fè konsa, wap santi w angaje nan yon avanti ou pa ta janm imajine. Wap fè epi wap wè anpil bon bagay Bondye va fè nan ou menm epi nan lòt moun yo pa lentèmedyè pa w.

  17. Tout sa kap rive pou w, kit se kè kontan kit se kè sere, kit se favè kit se devenn, kit se bagay ki konsekan (tankou siksè ak chans, aksidan oubyen moun ou renmen ki mouri) kit se bagay san valè (tankou travay chak jou a nan kay la, nan biwo oubyen nan lekòl la) tout bagay, tout va pran yon sans ki nouvo paske se Bondye kap ofri w li, li menm ki se Renmen.

  18. Li vle, oubyen li pèmèt tout sa ki rive w pou avantaj ou. Si nan kòmansman ou kapab wè li sèlman ak je lafwa, piti piti wap dekouvri ak je nanm nan yon fil lò kap mare tout sa kap pase a pou fè li tounen yon bwodri ki bèl anpil : volonte Bondye sou w.

  19. Petèt ou santi sa kapab atire w. Petèt ou vle tout bon vre bay lavi w anpil sans. Lè sa koute m. Anvan tout bagay m ap di w kilè ou dwe fè volonte Bondye.

  20. Gade. Sa k pase l ale epi ou pa kapab kouri dèyè l. Sèl sa w kapab fè se mete l nan bon kè Bondye a. Sa kap vini li ponkò la. Ou va viv li lè lap vini. Se sèlman ti moman prezan an ou genyen nan men ou. Se nan sila ou bezwen chache viv pawòl la :

  21. « Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa w »

  22. Lè w vle vwayaje – lavi a se tankou yon vwayaj – wap chita byen chita sou ban an. Ou pa ta janm panse mache ale vini nan machin nan. Se konsa ou ta vle fè si w chache viv lavi w nan yon tan ki ponkò vini oubyen si wap sonje sa k pase epi ki pap janm retounen.

  23. Non. Tan an li mache pou kont li. Sèl sa nou bezwen fè se rete fèm nan ti moman prezan an epi nap rive pase tout lavi nou sou tè a. Wap mande m : kijan mwen kapab fè diferans ant volonte Bondye epi volonte pa m? Nan moman prezan li fa difisil konnen kisa ki volonte Bondye. Kite m montre w yon chemen.

  24. Koute anndan kè w: gen yon ti vwa tou piti, petèt wap fè l pe twòp epi ou prèske pa kapab tande l ankò. Men koute l byen: se vwa Bondye a. Lap di w li lè pou w etidye, pou w renmen moun ki bezwen, pou w travay, pou w pa fè sa k mal, pou w akonpli devwa w tankou kretyen oubyen tankou sitwayen.

  25. \ Ti vwa sa envite w koute yon moun kap pale avèk ou nan non Bondye oubyen depase sitiyasyon ki difisil yo avèk anpil kouraj...

  26. Koute, koute. Pa fè ti vwa sa pe: se yon trezò ki gen anpil valè. Swiv li.

  27. Lè sa, tipa tipa wap rive konstwi istwa pa w, ki se yon istwa Bondye ak yon istwa moun ansanm paske se w menm kap fè l avèk Bondye kap ede w. Ou va wè anpil mevèy : ou va wè sa Bondye kapab fè ak yon moun kap di ak tout lavi li:

  28. « Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa w » “Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari. Testo di: Chiara Lubich (8/1978) Grafica di Anna Lollo in collaborazione con don Placido D’Omina (Sicilia - Italia)

More Related