1 / 23

Pawòl Lavi a

Pawòl Lavi a. Sektanm 2010. « Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa »  (Mt 18,22).

najila
Download Presentation

Pawòl Lavi a

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pawòl Lavi a Sektanm 2010

  2. « Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa » (Mt 18,22).

  3. Se ak pawòl sa yo, Jezi reponn Pyè ki tap mande-l apre li te koute bèl pawòl ki te soti nan bouch li : « Granmèt, si frè-m fè peche kont mwen, konbyen fwa pou-m padonnen-l? Eske se jouska sèt fwa? ». Jezi li menm di : « Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa ».

  4. Petèt Pyè, poutèt pawòl Mèt la te sot di a, te panse li te gen bon kè. Li te vle fè sa-k bon, li te pare pou-l lage kò-l nan nouvo wout sa-a nan fè yon bagay san parèy : li tap padonnen jouska sèt fwa.

  5. Men Jezi reponn li :  « … jouska swasantdis fwa sèt fwa », sa vle di padonnen pa ta dwe gen limit. Nou bezwen padonnen toujou.

  6. « Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa » (Mt 18,22).

  7. Pawòl sa fè n sonje kantik labib Lamèk la, nan ras Adam: « Yap vanje Kayen sèt fwa, men Lamèk, swasantdis fwa » (Jen 4,24). Se konsa rayisans te kòmanse gaye nan mitan moun ki sou tè a : li gwo tankou yon larivyè kap desann.

  8. Devan mal kap gaye, Jezi mete padon san limit, san kondisyon, kòm sa ki kapab kraze baryè vyolans lan.

  9. Padonnen se sèl fason pou yo kenbe desòd la epi bay moun yo yon lavni ki pap kraze tout bagay.

  10. « Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa » (Mt 18,22).

  11. Padonnen. Padonnen toutan. Padonnen pa vle di bliye ki anpil fwa vle di pa vle gade bagay yo jan yo ye a.

  12. Padonnen se pa feblès, sa vle di pa pran ka sak pa kòrèk paske w pè sila ki te fè-l la. Padonnen se pa di sak grav oubyen sak ki mal pa enpotan.

  13. Padonnen se yon bagay wap fè ak tout lespri-w, ak tout detèminasyon ou, kidonk ki lib. Se resevwa frè-w ak sè-w yo jan yo ye a malgre mal yo te fè a, jan Bondye resevwa nou pechè malgre tout fòt nou yo. Padonnen se pa bay kou pou kou men se fè sa Pòl di a : « Pa kite sa ki mal pran pye sou-w. Okontrè, fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal » (Rm 12,21).

  14. Padonnen se bay sila ki te fè-w ditò chans pou l gen yon nouvo kalite rapò avèk ou. Kidonk, bay toulede yon chans pou yo rekòmanse lavi, yon lavni kote mal la pap gen dènye mo a.

  15. « Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa » (Mt 18,22).

  16. Kijan nap fè pou n viv Pawòl sa a? Pyè te mande Jezi : « Konbyen fwa pou-m padonnen frè-m nan? ».

  17. Jezi, nan repons li te bay, tap sonje rapò nan pami kretyen yo, nan pami moun menm kòminote a.

  18. Kidonk se avèk frè-n ak sè-n yo nan lafwa nou dwe konpòte konsa: nan fanmi an, nan travay la, nan lekòl la oubyen nan kòminote kote nou ye a. Nou konnen konbyen fwa nou ta anvi reponn ak yon jès oubyen ak yon pawòl ki sanble ak mal nou sot resevwa a.

  19. Nou konnen kijan li fasil pou moun kap viv ansanm rive manke renmen youn pou lòt kit se poutèt karaktè yo ki pa menm, kit se paske yo nève ou byen pou tout kalite lòt bagay. Enben, nou bezwen konnen se sèlman yon atitif padon toujou nouvo ki kapab kenbe kè poze ak tèt ansanm nan mitan frè yo.

  20. Toujou gen tandans pou moun yo sonje defo frè ak sè yo, sonje sa yo te fè nan tan ki pase a, pou yo pa jan yo ye a… Nou bezwen pran abatid gade yo ak yon je ki nouvo epi aksèpte yo jan yo ye jous nan bout nèt, menm si yo pa regrèt.

  21. Yo met di: « Se yon bagay ki difisil ». Se vre. Men se sak bèl nan swiv Jezi. Se pa pou bon tan nap swiv Kris la ki, lè li tap pandye sou kwa a, te mande Papa padon pou moun ki te fè l mouri epi li leve byen vivan.

  22. An-n pran kouraj. An-n kòmanse yon lavi konsa kap ba-n kè poze nou pat santi anvan ak kè kontan nou pat janm konnen.

  23. « Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa »  (Mt 18,22). “Pawòl Lavi a”, se yon dokiman mouvman fokolari yo voye chak mwa. Dokiman sa Kyara Libik te ekri li nan mwa sektanm 1999.Imaj yo,Anna Lolloansanm avèk PèPlacido D’Omina(Sisil - Itali) Yo tradwi Pawòl Lavi a nan 96 lang ak idyòm, epi li rive jwenn kèk milyon moun tout kote sou tè a pa lentèmedyè enprimri, radyo TV epi internèt – pou pran enfòmasyonwww.focolare.org Yo tradwi PPS la nan divès lang epi yo pibliye l souwww.santuariosancalogero.org

More Related