1 / 21

Pawòl Lavi a

Pawòl Lavi a. Jiyè 2010. « Reyn syèl la sanble ak moun kap chache bèl bijou. Lè li jwenn youn ki gen anpil valè, l ale, li vann tou sa l genyen , li achte l » (Mt 13, 45-46).

carney
Download Presentation

Pawòl Lavi a

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pawòl Lavi a Jiyè 2010

  2. « Reyn syèl la sanble ak moun kap chache bèl bijou. Lè li jwenn youn ki gen anpil valè, l ale, li vann tou sa l genyen , li achte l »(Mt 13, 45-46).

  3. Nan ti parabòl sa, Jezi tap touche imajinasyon moun ki tap koute l la avèk anpil fòs. Tout moun te konnen bijou yo se te sak te gen plis valè, ansanm ak lò.

  4. Anplis, Ekriti yo tap pale sou bon konprann nan, sa vle di konesans Bondye a, tankou kichòy nou pa kapab konpare « menm ak yon bijou ki gen anpil valè ».

  5. Men parabòl la fè n wè yon bagay ki pa gen parèy, ki fè moun ki tap chache a sezi : li wè sa li pat tann nan, petèt lè li tap pase nan yon boutik, yon bijou, sèl je li te kapab wè valè li te genyen an epi bon pwofi li te kapab jwenn pou li, ak tout eksperyans li an.

  6. Se poutèt sa, apre li kalkile byen kalkile, li deside sa vo lapenn vann tou sal genyen pou l achte l. Kilès ki pa ta fè menm bagay si l te nan plas li?

  7. Kidonk, men sa parabòl sa vle di nou : rankontre Jezi, sa vle di Reyn Bondye a nan mitan nou - men bijou a! - se okasyon sa ki pa gen lòt parèy nou bezwen sezi lè lap pase etan nap angaje tèt nou nèt ale ak tout fòs nou yo epi tou sa nou genyen an.

  8. « Reyn syèl la sanble ak moun kap chache bèl bijou. Lè li jwenn youn ki gen anpil valè, l ale, li vann tou sa l genyen , li achte l » (Mt 13, 45-46).

  9. Se pa pou premye fwa patizan yo rive devan yon chwa yo bezwen fè nèt ale. Pou yo kapab swiv Jezi, yo bezwen lage sa ki gen plis valè : fanmi, lajan, avni.

  10. Men sa Jezi mande a se pa yon bagay ki pa gen rezon, ki pa gen sans. Pou « tou sa » nap pèdi, gen yon « tou sa » nap jwenn ki gen anpil plis valè. Chak fwa Jezi mande kichòy, lap pwomèt tou pou l bay anpil, pi plis, san li pa gen limit.

  11. Konsa, ak parabòl sa a, Jezi asire nou nap jwenn yon trezò kap fè n pi rich toujou. Epi, si lage sak sèten an pou sak pa sèten an, yon byen nou genyen pou yon byen yo promèt nou an, kapab sanble yon erè, nou met sonje machan sa a : li konnen bijou sa gen anpil valè epi lap tann avèk konfyans sa li va jwenn nan lè lap vann li.

  12. Konsa sila ki vle swiv Jezi konnen, li wè ak je lafwa, kokenn chenn avantaj lap jwenn nan pataje avè l eritaj Reyn nan poutèt li te lage tout bagay, omwens nan kè l.

  13. Bondye ofri tout moun nan lavi yo yon okasyon konsa pou yo konn pran l.

  14. « Reyn syèl la sanble ak moun kap chache bèl bijou. Lè li jwenn youn ki gen anpil valè, l ale, li vann tou sa l genyen , li achte l » (Mt 13, 45-46).

  15. Se yon envitasyon ki klè pou moun yo mete apa tout zidòl yo ki kapab pran plas Bondye nan kè yo : metye, maryaj, etid, bèl kay, pwofesyon, espò, amizman.

  16. Se yon envitasyon pou n bay Bondye premye plas, anlè tout lide n yo, tout santiman n yo, paske tout bagay nan lavi nou dwe monte bò kote l jan yo desann bò kote n.

  17. Si nap fè konsa, nan chache Reyn nan, dapre pwomès levanjil la, Bondye va ban nou tou sa nou bezwen. Nan lage tout bagay pou Reyn Bondye a nap resevwa san fwa plis kay, frè, sè, papa, manman, paske levanjil la genyen yon kote ki bon pou moun yo : Jezi se Bondye ki tounen moun, li ban nou avèk manje nanm nan, pen an, kay la, rad yo, fanmi a.

  18. Petèt nou ta dwe pran abitid depi n tou piti fè Bondye Papa konfyans, li menm ki pa fè yon moun, kap bay ak renmen ti kras li genyen an, manke sal bezwen an.

  19. Nan peyi Kongo, yon gwoup jèn gason te fè kat yo te vann nan peyi Almay. Nan yon premye tan, yo sèvi ak lajan yo resevwa a pou fanmi yo a. Men apre sa, yo deside mete 50% lajan apa pou yo kapab ede 35 jèn ki pat gen travay.

  20. Epi Bondye li pa gen mwens jenewozite pase moun yo. De nan pami jèn gason sa yo te si tèlman bay bon jan temwayaj kote yo tap travay la, lòt machan yo ki tap chache anplwaje yo te pran ranseyman nan men mèt boutik la epi onze nan jèn gason sa yo te jwenn yon travay pèmanan.

  21. « Reyn syèl la sanble ak moun kap chache bèl bijou. Lè li jwenn youn ki gen anpil valè, l ale, li vann tou sa l genyen , li achte l » (Mt 13, 45-46). “Pawòl Lavi a”, se yon dokiman mouvman fokolari yo voye chak mwa. Dokiman sa Kyara Libik te ekri li nan mwa iyè 1999.Imaj yo, Anna Lollo ansanm avèk Pè Placido D’Omina (Sisil - Itali) Yo tradwi Pawòl Lavi a nan 96 lang ak idyòm, epi li rive jwenn kèk milyon moun tout kote sou tè a pa lentèmedyè enprimri, radyo TV epi internèt – pou pran enfòmasyon www.focolare.org Yo tradwi PPS la nan divès lang epi yo pibliye l sou www.santuariosancalogero.org

More Related