1 / 29

Pawòl Lavi a

Pawòl Lavi a. Mas 2010. Konbyen fwa nan lavi pa w ou te bezwen pou yon moun ba w lanmen epi ou te wè pyès moun pat ka ede w !.

ramla
Download Presentation

Pawòl Lavi a

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pawòl Lavi a Mas 2010

  2. Konbyen fwa nan lavi pa w ou te bezwen pou yon moun ba w lanmen epi ou te wè pyès moun pat ka ede w !

  3. Lè sa, wap tounen tèt ou kot yon Moun ki konn fè sa ki enposib vin posib. Moun sa gen yon non, se Jezi. Koute sa lap di w :

  4. « Anverite, mwen di nou sa, si nou gen lafwa tankou yon grenn moutad, nap di mòn sa a : travèse sot isit la al laba a, lap travèse vre; anyen pap enposib pou nou » (Mt 16, 20)

  5. Se klè espresyon « deplase mòn yo » nou pa dwe pran li alalèt. Jezi pat pwomèt patizan l yo pouvwa pou yo fè mirak dekwa pou fè foul moun yo sezi.

  6. Kidonk, si wap chache nan istwa Legliz la, mwen pa kwè wap jwenn yon sen ki te deplase mòn yo ak lafwa li. Gianna Beretta Molla Pier Giorgio Frassati Chiara Luce

  7. « deplase mòn yo » se yon fason pou moun yo di ki fò anpil pou mete nan lespri patizan Jezi yo lide avèk lafwa anyen pa enposib.

  8. Sèke, chak mirak Jezi te fè, kit se li menm menm kit se moun li yo ki te fè l la, li te toujou fèt pou Reny Bondye oubyen pou Levanjil la oubyen pou moun yo sove. Deplase yon mòn pa ta sèvi anyen pou sa.

  9. Egzanp « grenn moutad la » vle di Jezi pa mande w yon lafwa ki piti oubyen ki gwo men yon lafwa ki vre sa vle di ki chita sou Bondye sèlman pa sou kapasite pa w yo.

  10. Si w gen kèk dout oubyen kèk ezitasyon, sa vle di konfyans ou nan Bondye poko fin bon nèt : lafwa w fèb, li poko efikas, lap chita toujou sou fòs ou yo oubyen sou lojik lèzòm.

  11. Okontrè, sila ki gen konfyans nan Bondye nèt ale, kite l aji epi… pou Bondye pa gen anyen ki enposib. Lafwa Jezi vle pou patizan l yo se konfyans nèt ale kap pèmèt Bondye menm montre pwisans li a.

  12. Se kalite lafwa sa ki kapab deplase mòn yo. Se pa pou kèk grenn moun sèlman li ye. Se tout moun ki gen lafwa ki kapab epi ki dwe genyen li.

  13. « Anverite, mwen di nou sa, si nou gen lafwa tankou yon grenn moutad, nap di mòn sa a : travèse sot isit la al laba a, lap travèse vre; anyen pap enposib pou nou. »

  14. Yo panse Jezi te di patizan l yo pawòl sa yo lè li tap voye yo nan misyon.

  15. Li fasil dekouraje epi gen kè sote lè moun yo konnen se yon ti twoupo ki pa pare yo ye, ki pa gen talan espezyal devan gwo foul moun pou pote ba yoverite levanjil la.

  16. Li fasil pèdi kouraj devan moun ki gen tout lòt kalite lide pase Reny Bondye a nan tèt yo. Sa sanble yon travay ki enposib.

  17. Lè sa, Jezi bay moun li yo asirans avèk lafwa, yo va « deplase mòn » endiferans moun yo. Si yo gen lafwa anyen pap enposib pou yo.

  18. Pawòl sa kapab bon tou pou tout lòt sikonstans lavi a depi se pou fè levanjil la avanse nap mache epi se pou moun yo sove.

  19. Gendelè difikilte ki sanble enposib yo kapab mete nan lide nou nou pa bezwen tounen kot Bondye. Lojik moun yo di : se kont, sa pap sèvi anyen. Lè sa, Jezi di n pou n pa dekouraje epi tounen kot Bondye ak konfyans. Li menm, kit se yon fason oubyen yon lòt, l ap reponn nou.

  20. Se sa k te rive pou Lella. Depi kèk mwa li te kòmanse avèk anpîl espwa nouvo travay pa l nan peyi Bèljik kote yo pale flanman. Li te santi li tap pèdi kouraj paske li tap rete pou kont li.

  21. Sanble ant li menm epi lòt fi li tap travay epi li tap viv ansanm ak yo a te gen yon baryè li pat ka deplase. Li te santi li te apa tankou yon etranje nan pami moun li ta vle sèlman sèvi ak renmen.

  22. Sa te soti dèske li te dwe pale yon lang ki pat pa l la ni pa lòt yo ki tap koute l la. Yo te di l nan peyi Bèjik la tout moun tap pale franse epi li te aprann li. Lè li vini an kontak ak moun peyi a, li te wè moun yo te aprann fransè a nan lekòl la sèlman san yo pat si tèlman cho pou yo pale l.

  23. Anpil fwa li te eseye deplase mòn sa ki tap kenbe l lwen lòt yo men li pat reyisi. Kisa li te kapab fè pou yo?

  24. Li tap sonje ankò figi konpay li Godelyèv plen tristès. Nan aswè li te rale kò l nan chanm li san li pat manje. Lella te eseye swiv li men devan pòt chanm li a, li te kanpe, li te jennen, li tap ezite. Li ta vle frape… men ki pawòl li te kapab di pou l tande? Li te rete la yon ti tan epi li te fè bak yon lòt fwa ankò.

  25. Nan demen maten nan legliz la, li te pran plas dèyè, nan dènye ban yo. Li te pran tèt li nan men li pou moun yo pat ka wè dlo nan je l. Se te dènye plas kote li pat bezwen pale yon lòt lang, kote li pat bezwen esplike anyen paske te gen Sila ki te kapab konprann san li pat bezwen pale. Se asirans sa ki te ba l kouraj epi ki te fè l di Jezi : « Pou kisa mwen pa ka pataje avèk lòt fi yo lakwa yo epi di yo kèk pawòl ou menm menm te fè m konprann lè mwen te rankontre w : tout soufrans se renmen?

  26. Li te la nan legliz la ap tann yon répons nan men Sila ki te klere lavi li a nan fènwa a. Li gade levanjil jou sa a epi li li : « Pran konfyans, se pou n gen lafwa, mwen donte tè a ». Pawòl sa yo te koule tankou lwil nan nanm Lella epi li te santi anpil kè poze.

  27. Lè li te rantre lakay li, li te jwenn Annj, fi kap pran ka kay la. Li salwe li epi li swiv li, e san li pat pale, li pran ede l pare dejene a. Premye moun ki te desann sot nan chanm yo se te Godelyèv. Li tap vini nan kwisin nan pou l chache kafe rapid rapid pou l pa wè pyès moun. Men li te ret kanpe la : kè poze Lella te touche kè l pi fò pase okenn pawòl.

  28. Nan aswè sou wout lakay, Godelyèv te jwenn Lella sou bekàn nan epi li te pale yon fason pou l te kapab tande, li te di l konsa : « Pawòl ou yo pa nesesè, jodi a lavi w te di m : ‘Se pou w renmen ou menm tou !’ » Mòn nan te deplase.

  29. « Anverite, mwen di nou sa, si nou gen lafwa tankou yon grenn moutad, nap di mòn sa a : travèse sot isit la al laba a, lap travèse vre; anyen pap enposib pou nou » (Mt 16, 20) “Pawòl Lavi a”, se yondokiman mouvman fokolari yo voye chak mwa. Dokiman sa Kyara Libik te ekri li nan mwa sektanm 1979.Imaj yo, Anna Lollo ansanm avèk Pè Placido D’Omina (Sisil - Itali) Yo tradwi Pawòl Lavi a nan 96 lang ak idyòm, epi li rive jwenn kèk milyon moun tout kote sou tè a pa lentèmedyè enprimri, radyo TV epi internèt – pou pran enfòmasyon www.focolare.org Yo tradwi PPS la nan divès lang epi yo pibliye l sou www.santuariosancalogero.org

More Related