1 / 24

Pawòl Lavi a

Pawòl Lavi a. Sektanm 2009. « Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li : epi tout bagay sa yo yap ba nou yo an plis » (Mt 6,33). Tout levanjil la se yon revolisyon. Nanpwen pawòl Kris la ki sanble ak pa moun yo.

claire
Download Presentation

Pawòl Lavi a

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pawòl Lavi a Sektanm 2009

  2. « Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li : epi tout bagay sa yo yap ba nou yo an plis »(Mt 6,33).

  3. Tout levanjil la se yon revolisyon. Nanpwen pawòl Kris la ki sanble ak pa moun yo.

  4. Koute sa : « Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li : epi tout bagay sa yo (sa nou bezwen pou lavi a) yap ba nou yo an plis ». 

  5. Premye bagay kap chage tèt moun yo an jeneral se chache avèk enkyetid sa yo bezwen pou yo kapab viv. Petèt se konsa pou w menm tou.

  6. Enben, Jezi mete w devan « fason pa l » pou wè epi li ofri w fason pal pou w aji. Li mande w yon konpòtman ki diferan nèt ale ak sa moun yo konn fè epi se pa sèlman pou yon fwa men pou toutan. Men sa li ye: chache tou dabò rèy Bondye a.

  7. Lè wap dirije tèt ou bò kote Bondye ak tout kè w epi wap fè tout sa w kapab pou l vin wa w menm ak tout lòt yo (sa vle di pou l mèt lavi w pa lentèmedyè règleman li yo), lè sa Papa va ba w tout sa w bezwen jou apre jou.

  8. Okontrè, si an premye wap chaje tèt ou avèk pwòp tèt ou, wap rive pran ka dabò byen latè epi wap tonbe anba anpil traka. Wap rive wè nan byen latè yo vre pwoblèm « pa w », kote tout jefò w yo ale. Lè sa wap gen tandans pou w konte sèlman sou fòs ou yo san ou pa kite plas pou Bondye..

  9. « Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li : epi tout bagay sa yo yap ba nou yo an plis » .

  10. Jezi chanje sitiyasyon sa a. Si sa k vini an premye nan tèt ou se Bondye, viv pou li, tout lòt bagay yo pap pi gwo pwoblèm pou w ankò, yap vini tankou yon bagay « an plis ».

  11. Eske se yon rèv? Eske se yon bagay ki pa ka reyalize pou w menm, moun kap viv jodi a, nan lemonn sa kote gen konpetisyon epi kriz ekonomik yo?

  12. Sonje sèlman difikilte moun Galile yo te genyen pou yo viv. Yo pat si tèlman mwens pase pa w yo lè Jezi te di pawòl sa yo.

  13. Se pa si tèlman yon kesyon rèv, men Jezi mande w pou w chwazi sa k pi konsekan pou lavi w: oubyen wap viv pou pwòp tèt ou, oubyen wap viv pou Bondye.

  14. An chache konprann pawòl sa a: « Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li : epi tout bagay sa yo yap ba nou yo an plis. »

  15. Jezi pa mande w pou w pa fè anyen, pou w rete ap tann sa w bezwen pou viv, pou w pa reskonsab epi pou w pa pran travay pa w oserye. Jezi vle chanje « chaje tèt » nan « pran ka » etan l ap retire enkyetide, pèrèz, traka.

  16. Sèke li di konsa : « Chache tou dabò rèy … ». Epi « tou dabò » vle di « anlè tout bagay ». Chache fè rèy Bondye a vini an peremye sa pa vle di kretyen an pa dwe pran ka sa li bezwen pou l viv.

  17. « Chache rèy Bondye epi jistis li » vle di aji dapre sa Bondye mande n pou n fè tankou Jezi te di nou nan levanjil la. Se sèlman nan chache rèy Bondye a kretyen an va fè esperyans tousa Papa kapab fè pou li a.

  18. Ba m di w yon ti istwa. Sa te pase depi anpil tan men li mache byen avèk Pawòl sa a. Sèke mwen konnen gen anpil jèn, gason ak fi, kap aji menm jan jèn fi te fè a.

  19. Yo te rele l Elvira. Li te nan lise a. Li te pòv. Sèl fason pou l te kapab kontinye etid li yo se te pou l te jwenn yon bon jan rezilta. Lafwa li te fò anpil.

  20. Profesè filozofi pa l te yon ate epi anpil fwa li te konn prezante Kris la ak legliz la yon fason ki pat korèk si li pat defòme yo. Lè sa li te santi yon tanpèt ki tap monte anndan kè li, pa si tèlman pou li menm menm men paske li te renmen Bondye, laverite epi konpay li yo. Menm si li te konnen li te kapab resevwa yon movè nòt si li tap kontredi mèt la, sa li tap santi anndan kè li te pi fò.

  21. Chak fwa, li te konn leve dwèt li pou l te kapab pale : « Se pa vre, Mèt la ». Petèt kèk fwa li pat genyen agiman pou l demanti sa mèt la tap di, men nan « se pa vre » sa, se lafwa li ki tap pase, sa k te yon kado laverite epi ki tap fè moun yo panse.

  22. Konpay li yo, paske yo te renmen li, yo tap chache fè l konprann li pa ta dwe kontinye konsa paske sa te kapab fè l ditò. Men yo pat reyisi. Apre kèk mwa, lè a vini pou yo bay resilta yo. Fi a tap tranble lè li pran yo. Kè l kontan anpil : 10, pi gwo pwen li te ka jwenn. Li te chache rèy Bondye ak laverite epi rès la te vini an plis.

  23. Ou menm tou si wap chache rèy Papa a, wap fè esperyans Bondye se Pwovidans pou tout bagay ou bezwen pou lavi pa w. Wap dekouvri kijan chemen levanjil la se yon mèvèy nòmal.

  24. « Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li : epi tout bagay sa yo yap ba nou yo an plis » . “Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari. Testo di: Chiara Lubich, Maggio 1979Grafica di Anna Lollo incollaborazione con don Placido D’Omina (Sicilia - Italia)

More Related