1 / 42

TRAUMA INFORMED CARE

TRAUMA INFORMED CARE. Se Gwoup travay TIC rejyon an ki ekri prezantasyon sa pou seksyon sid la. Bay definisyon sistèm Trauma Informed Care (TIC) a Eksplike siyifikasyon sistèm Trauma Informed Care (TIC) Fè lis prensip fondamantal TIC Dekri etid ACE la Eksplike enpòtans ki gen nan swen lemwa.

landry
Download Presentation

TRAUMA INFORMED CARE

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. TRAUMA INFORMED CARE Se Gwoup travay TIC rejyon an ki ekri prezantasyon sa pou seksyon sid la

  2. Bay definisyon sistèm Trauma Informed Care (TIC) a • Eksplike siyifikasyon sistèm Trauma Informed Care (TIC) • Fè lis prensip fondamantal TIC • Dekri etid ACE la • Eksplike enpòtans ki gen nan swen lemwa Objektif

  3. Dapre SAMHSA chòk defini tankou: • Eksperyans ak evènman pèsonèl ki gwo chòk, terifye epi enkontwolab pou moun lan • Se yon eksperyans pèsonèl sou britalite sosyal ki parèt poutèt lapè, freyè, de bra balan • Anpil chòk ki rive nan jenès gen konsekans ki dire anpil anpil tan Kisatwomatism ye?

  4. Nan yon itid ki te fèt nan peyi Etazini sou 5.877 moun ki te gen ant 15 a 54 an, 60% nan gason yo ak 51% nan fanm yo di yo te gen yon eksperyans twomatik omwen yon fwa nan lavi • Jennings, 2008 Eksperyanstwomatik se eksperyanskikomen

  5. 51-60%nan kliyan sèvis swen mantal piblik e ki gen gwo maladi mantal te viktim abi fizik oubyen abi sèks • 75%nan moun k ap resevwa tretman pou abi sibstans di yo te twomatize • 93%nan adolesan ki entène nan lopital sikyatri te viktim twomatism swa emosyonèl oswa seksyèl ak/oubyen fizik. • Jennings 2008 Eksperyanstwomatik se eksperyanskikomen

  6. Kontakavèklanmòoubyenmenaslanmò, gwodomajoubyenbritaliteseksyèl • Sentòmderanjmanasosyeavèkevènmantwomatism, kikòmanseapreevènmantwomatism la • Eviteestimilankontinikiasosyeavèkevènmantwomatism, kikòmanseapreevènman an • Chanjmannegatifnankognisyonakimèasosyeavèkevènmantwomatism, kikòmanseoubyenanpireapreevènman • Gran chanjmannaneksitasyonakreyaksyonasosyeavèkevènmantwomatism, kikòmanseoubyenanpireapreevènman • Twoub la dire plispase yon mwa. • Disosyasyon Retourannaryè • Kochma Angwas • Ladeprim Tontèn mitonn seksyèl • Abi sibstans • Move jijman • Ipè vijilans • Sik viktim kontini Kijantwomatismajisoumoun

  7. TIC desiyen metòd kote sistèm lan, estaf ak ajans yo okouran eksperyans twomatism kliyan te genyen e li konnen kijan pou ofri sèvis san yo ni anvlimen ni repete twomatism lan. TIC ap rekonèt lè yon moun nan twoma epi ap refere kliyan an nan sèvis yo bezwen san yo pa soufri lòt twomatism. DefinisyonTrauma Informed Care (TIC)

  8. TIC se yon sèvis sistèm kote estaf la travay avèk moun (konsomatè) yon manyè ki sansib epi vin rekonèt eksperyans twomatism konsomatè a • Òganism, pwogram ak sèvis TIC baze sou konpreyansyon frajilite osnon gachèt moun ki siviv twomatism ke livrezon nòmal sèvis ka anvlimen Definisyon Trauma Informed Care (TIC)

  9. National Trauma Movement ki jere pa Substance Abuse and Mental Health Services Administration (SAMHSA) idantifye valè pwen fondamantal sa yo pou kreye yon Trauma Informed Care Environment: • Sekirite • Konfyans • Chwa • Kolaborasyon • Kontans Prensipfondamantal TIC

  10. Sekirite: Garanti sekirite fizik ak sekirite emosyonèl konsomatè yo • Konfyans: Rann omaksimòm konfyans, tabli responsablite ki toutaklè epi kontinye nan limit apwopriye avèk konsomatè yo • Chwa: Fè chwa ak kontwòl konsomatè yon priyorite • Kolaborasyon: Rann omaksimòm kolaborasyon ak pataj pouvwa konsomatè • Kontans: Mete kontans ak ranfòsman konpetans konsomatè yo an premyè pozisyon nan chak opòtonite ki prezante PrensipfondamantalTIC

  11. Trauma Informed Care =Nouvofasonpoureflechiepiaji

  12. Chanjman nan Òganism TIC enkli: • Chanjman nan sistèm swen - Jestyon èt ak abi sibstans e sante mantal, DCF • Chanjman administratif - Nan nivo founisè a • Chanjman nan nivo sèvis - Nivo founisè ak jestyon èt Chanjman TIC

  13. TIC SOC Nivosistèmlan - Chanjmanadministratif

  14. Ajans TIC Chanjmannannivosèvispouòganism TIC

  15. Depistaj abityèl pou twomatism ak sentòm asosye • Itilize evalyasyon epi tretman baze sou prèv e apwopriye dapre kilti a sou estrès twomatik epi sentòm asosye avèk sante mantal • Mete resous disponib pou timoun, fanmi ak founisè pou twomatism, konsekans li ak tretman pou li • Angaje nen efò pou ranfòse fleksiblite ak faktè pwoteksyon konsomatè ikonpri timoun ak fanmi twomatism fwape e ki siseptib nan twomatism Yon sistèmtwomatismenfòme

  16. Diskite twomatism ni paran ni founisè ak konsekans li genyen sou sistèm familyal la • Konsantre sou swen kontini ak kolaborasyn atravè sistèm sèvis pou timoun lan • Mentni yon anviwònman swen pou estaf ki vize sou, minimize epi trete estrès twomatism segondè, e ki ogmante fleksiblite estaf yo Yon sistèmtwomatismenfòme

  17. Kijan yon sistèmtwomatismenfòme ye?

  18. Kijan yon sistèmtwomatismenfòme ye?

  19. Kijan yon sistèmtwomatismenfòme ye?

  20. Kijan yon sistèmtwomatismenfòme ye?

  21. Kijan yon sistèmtwomatismenfòme ye?

  22. Kijan yon sistèmtwomatismenfòme ye?

  23. Fanm lan te viktim abi sèks pou anpil tan depi lè l te nan laj sèt an. Li sonje lè fotif la t ap mache lannwit nan koulwa a soti depi nan chanm manman li rive nan chanm pa l. Pandan fotif la t ap mache, li te konn jwe avèk kle li te gen nan pòch li kifè ti fi a te konnen se vini li t ap vini wè l. E egzakteman jan etid ACE la te prevwa, fanm sa vin yon dwoge epi yon bouzen. Lapolis te arete l plizyè fwa e chak fwa li tande bri kle nan prizon an li soufri twomatism ankò ankò. Li te akable e l pa t kapab reflechi pou l ede lemwa. Sèk visye sa kontinye jiskaske li resevwa yon entèvansyon presi e efikas pou twomatism. Senaryo #1

  24. Kijan yon sistèmtwomatismenfòme ye?

  25. Maria se yon jèn panyòl ki gen 15 an e ki te admèt nan depatman kriz timoun poutèt konpòtman otomitilasyon repetitif li t ap fè. Pandan evalyasyon an, li te gen sentòm ki tankou sentòm ladeprim ak PTSD. Pou premye fwa, li fè konnen li te viktim vyòl nan men papa manman l lè li te gen ant 6 a 14 zan e sa te rive pandan gwo vakans dete lè manman l te voye pase vakans yo kay granmè ak granpapa l. Nan de dènye ane lekòl, Maria te konn ap koupe po l depi nan 4 semèn anvan ane lekòl fini. Li vin rebèl, te konn ap fè kriz kòlè, kochma e kòmanse fè libètina seksyèl. Gwo vakans ki t ap vini a te yon gachèt pou rekòmanse gen menm eksperyans twomatism la ankò. Child Abuse te rele depi egzeyat li nan depatman kriz a, li resevwa referans nan tretman TF-CBT espesyalize pou tretman sentòm PTSD ki asosye avèk abi seksyèl. Senaryo #2

  26. Kijan yon sistèmtwomatismenfòme ye?

  27. Kijan yon sistèmtwomatismenfòme ye?

  28. Entèvansyon presi pou twomatism tabli presizeman pou diskite konsekans twomatism gen sou moun lan ak ki jan pou ede nan gerizon li. • Men kisa pwogram tretman yo rekonèt an jeneral: • Moun ki siviv la fèt pou l respekte, enfòme, konekte epi gen lespwa sou gerizon pa li Definisyonentèvansyonpresipoutwomatism

  29. Rapò ant twomatism ak sentòm twomatism (sètadi: abi sibstans, twoub alimantasyon, ladeprim ak angwas) • Bezwen pou travay an kolaborasyon avèk moun ki siviv, fanmi epi zanmi moun ki siviv la, epi lòt ajans pou sèvis imen yon fason ki bay moun ki siviv ak konsomatè yo jarèt. Definisyonentèvansyonpresipoutwomatism

  30. Adverse Childhood Experiences (ACE), an kreyòl se Move eksperyans timoun, dekri tankou yon eksperyans twomatik ki rive anvan moun lan nan laj 18 an e ke moun lan sonje pi tan lè li fin gran. • Gwo konsekans ACE gen sou sante, konpòtman ak pwoblèm sosyal te prezante nan etid ACE la. • Etid ACE la evalye rapò ki gen ant move eksperyans nan lavi timoun li, sèvis swenyaj ak sa ki lakòz lanmò Adverse Childhood Experiences (ACE)

  31. Etid la yon kolaborasyon ant Centers for Disease Control and Prevention ak Kaiser Permanente's Health Appraisal Clinic ki nan San Diego. • Nan de dènye deseni yo, CDC konfime ke ACE anvan laj 18 an asosye avèk movèz sante fizik epi mantal, maladi kwonik, yon ba nivo edikasyon, ti SES ak move siksè sosyal lè moun lan fin gran. Etid ACE la

  32. Etid ACE la

  33. Piramid ACE la

  34. Kontak nan vyolans twomatism primè e segondè: swa eksperyans britalite oubyen temwen britalite • Twomatism endirèk: rive lè gen yon koneksyon sansib avèk lòt ki konekte avèk doulè kliyan nou / gen eksperyans doulè nou nan lòt moun. Konsekanstravay gen soubyennèt yon moun

  35. Fatig konpasyon: "Yon santiman gwo senpati ak tristè pou yon lòt moun frape ak soufrans oubyen devenn, avèk anpil anvi pou soulaje doulè a oubyen elimine sa ki lakòz li." (Figley,1995) • Ipizman: "Yon eta fizik, emosyonèl ak epizman mantal poutèt patisipasyon alòntèm nan sitiyasyon emosyonèl ki egzijan anpil." (Figley,1995) Siyavètisman

  36. Idantifikasyon/Idantifye twòp avèk eksperyans kliyan nou yo ki fè lapenn. • Enkapab pou jere pwoblèm ki asosye avèk idantifikasyon pwojektif malad la, kifè nou asosye avè l. (Idantifikasyon pwojektif se yon sistèm defans kote malad la ap debat ak yon emosyon enkonfòtab vin enkonsyan sou li epi pwojte li sou terapèt/konseye a; pa egzanp: yon malad ki gen santiman ewotik jennan. • Kont-transfè - Santiman yon terapè pou yon kliyan, ou pi plis ankò antremelay emosyon terapèt avèk emosyon yon kliyan. Siyavètisman

  37. M pa t janm panse li ta di konsa. • Nou pa ka chanje kèlkeswa moun. • Pouki se mwen sa rive? • Nou pa ka dejwe sistèm lan. • Yo ta dwe omwen di mèsi. • M paka janm di non. • Nou p ap ede pyès moun; li pa plis pase yon lòt biznis. • M ap sèlman fè sa m gen pou m fè. • M espere li ka vini nan sesyon yo osnon rele pou di li p ap vini. • M paka tann pou jounen an fini. • Se fòse m fòse vin nan travay jodiya kidonk m pa sou tande okenn radòt. • Pouki yomenm yo pa ka reyisi si mwenmen mwen reyisi? Èske w rekonètsayo?

  38. Sa rive regilyèman pou n pa selman devan men an entimite avèk ni debat ni soufrans kliyan prezante ban nou, ki kapab difisil ni pou sante mantal nou ni pou byennèt emosyonèl nou. (Figley,1995) • Devan soufrans lòt ak bezwen vital epi kontini lòt, souvan epi enkonsyamman lespri nou vin gen lapè epi sou defans tou. Li pa mete n alèz poutèt li posib pou n pa gen solisyon pou pwoblèm ke kliyan nou yo pote ban nou - men nou parèt pou n responsab, itil, pisan, moral, alawotè, nesesè ansidswit. • Yo di nou se enstriman nan chanjman e rapò terapetik la yon seksyon enpòtan nan siksè tretman an, ki ka sèvi pou ogmante responsablite defason pou ka gen rezilta pozitif pandan w ap ranfòse santiman enfayibilite pèsevwa pa lemwa. Poukiswenlemwaenpòtan

  39. Vitès - abilite pou jere tan • Pran tan pou pale avèk kolèg epi tabli yon sistèm ankadreman pou kolèj • Fòme yon sans pèsonèl sou sekirite epi destrese: pran pòz - menm si se pou detwa minit alafwa, repa midi, lamach, respirasyon, pa reponn tout koutfil touswit, mete flè nan biwo a, koute mizik si w renmen sa. • Sèvi ak sipèvizyon epi èd nan peryòd kriz • Pale avèk kolèg ou ant sesyon yo • Jere epi tolere gwo efè ki parèt okou peryòd travay sa • Egzaminen kliyan ou yo - konbyen kliyan gen twomatism? Èske chanjman ka ede nan fè pwogrè? Swenpèsonèllemwanantravay la

  40. Ale an vwayaj, pran vakans, fè pastan epi ale nan sinema • Amize ak zanmi • Fè gzèsis • Devlope kwayans espirityèl ou • Manje nouriti ki byen ekilibre • Swiv yon bon abitid dòmi Swenpèsonèllemwaandeyòtravay la

  41. Reflechi sou terapi pou twomatism ki pa rezoud, ke yon travay terapi kapab ap aktive • Swiv teknik pou kontwole estrès tankou nan meditasyon, detant konsyans, respirasyon fon ak egzèsis • Rete an kontak ak zanmi ou fè konfyans • Fè pastan epi fè aktivite ou renmen • Jwenn tan pou repo • Tabli yon plan alekri ki konsantre sou kijan pou gen yon ekilib ant travay ak lavi prive Swenpèsonèllemwaandeyòtravay la

  42. Diskite twomatism nan tretman pou abi sibstans ak sante mantal (atik) • Evalyasyon sou twomatism familyal, fèy TIP pou klinisyen (atik) • Konprann konsekans twomastism ak povrete ibanism sou fanmi: Risk, Konfyans ak Entèvansyon (atik) • www.SAMHSA.gov/topics.asps • www.nctsnet.org • www.cstsonline.org • http://www.crisisprevention.com/Blogs/PBIS-Post-A-Positive-Behavioral-Support-Blog/April-2012/Top-10-Recommended-Trauma-Informed-Care-Online-Res • http://www.cdc.gov/ace/prevalence.htm#ACED Resous

More Related