1 / 33

Jwen 2009

Pawòl Lavi a. Jwen 2009. « Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen » (Jn 15,5). Eske w kapab imajine yon branch ki separe ak pye rezen an?.

lyris
Download Presentation

Jwen 2009

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pawòl Lavi a Jwen 2009

  2. « Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen » (Jn 15,5).

  3. Eske w kapab imajine yon branch ki separe ak pye rezen an? Li pap kenbe, li pa gen espwa, li pa bay anyen sèl sa ki pou fèt se koupe l epi jete l nan dife.

  4. Sonje kalite lanmò lespri a k-ap tann ou si tankou kretyen ou pa rete nan Kris la. Sa fè kè w sote !

  5. Menm si w-ap travay depi nan maten jous nan aswè, menm si w kwè w itil moun yo, menm si zanmi w yo bat men pou w, menm si w gen anpil lajan, menm si w-ap fè yon pakèt jefò, sa pap bay anyen.

  6. Tout bagay sa yo kapab gen sans sou tè a men yo pa gen okenn valè pou Kris la epi pou lavi ki pap janm fini an. Epi se sila a ki pi konsekan.

  7. « Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen. »

  8. Kijan ou kapab rete nan Kris la epi Kris la nan ou menm? Kijan pou w se yon branch vèt ki gen fòs epi ki fè youn avèk pye rezen an?

  9. Anvan tout bagay, ou bezwen Kwè nan Kris la. Men se pa kont. Lafwa w dwe parèt nan lavi w. Sa vle di w dwe viv dapre lafwa sa a nan fason w-ap mete pawòl Jezi yo an pratik.

  10. Konsa w pa kapab neglije mwayen Kris la te ba w pou w kapab ret nan tèt ansanm avè-l oubyen refè tèt ansanm sa a. Anplis Kris la pap santi w byen mare sou li si w pap fè jefò pou w byen djanm nan kòminote legliz la.

  11. « Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen. »

  12. « Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li » Ou wè kijan Kris la pale sou tèt ansanm ou menm avèk li menm epi li menm avèk ou menm tou? Si w nan tèt ansanm avèk li epi li menm avèk ou, li prezan nan fen fon kè w. Se sa kap tabli yon bon jan relasyon nan youn renmen lòt epi nan fè yon ti pale ak lòt, yon tèt ansanm ant Kris la epi ou menm ki se patizan li. E kisa k ap rive: pote anpil fwi tankou yon branch ki byen mare sou pye a pote grap rezen ki gen bon gou.

  13. « Anpil fwi »  vle di w-ap tounen yon bon jan temwen kote w ye a, w-ap kapab louvri je anpil moun pou yo resevwa Pawòl Kris la kap chanje lavi moun yo epi w va kapab ba yo fòs pou yo viv yo.

  14. « Anpil fwi »vle di tou w-ap kapab fè oubyen ede fè anpil bagay, kit yo piti kit yo gwo, pou w soulaje bezwen moun yo dapre kado Bondye te ba w.

  15. « Anpil fwi »  vle di « anpil » pa « tikal ». Sa kapab vle di w-ap kapab pote moun ki bò kote w yo yon kouran bonkè, tèt ansanm ak renmen.

  16. « Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen. »

  17. Men « anpil fwi » pa vle di sèlman byen lespri ak kò lòt moun yo men pa w yo tou. Sèke sé tèt ansanm ou genyen avèk Kris la k-ap fè w grandi anndan kè w pou w ka vin sen.

  18. Vin sen. Petèt pawòl sa yo nan tan n-ap viv la ou kapab panse se kichòy ki depase, ki pa itil, ki se yon rèv. Se pa konsa. Tan n-ap viv la va pase ansanm avèk fason pou n wè ki pa kòrèk, ki nan èrè, ki kapab chanje. Se sèl laverite k-ap rete.

  19. Sa fè demil lane, Apòt Pòl te di aklè sa Bondye vle se pou tout kretyen yo vin sen.

  20. Terèz Davila, moun save nan Legliz la, li te sèten nenpòt moun, menm sila ki sot nan lari a, li kapab rive byen wo nan lapriyè a.

  21. Konsil Vatikan II di konsa se tout pèp la Bondye rele pou l vin sen. Sa se vwa w mèt swiv. Se poutèt sa, chache jwenn nan lavi w « anpil fwi » k-ap fè w vin sen. Sa posib sèlman si w nan tèt ansanm avèk Kris la.

  22. « Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen. »

  23. Eske w te byen gade Jezi pa mande dirèk pou w pote fwi, men li wè se yon bagay k-ap vini si w-ap « rete » nan tèt ansanm avèk li?

  24. Sa ki ka rive sèke w-ap tonbe ou menm tou nen menm ère ak anpil kretyen : fè anpil bagay, anpil bagay, yon pakèt bagay pou w ede lòt yo san ou pa pran tan pou w gade si bagay sa yo, yo fèt nan tèt ansanm avèk Kris la.

  25. Se yon èrè, si w kwè w kapab pote fwi si se pa Kris la nan ou menm, si se pa Kris la ansanm avèk ou menm k-ap pote yo. Pou w kapab pote fwi k-ap dire, ki sanble ak Bonbye, ou bezwen rete nan tèt ansanm ak Kris la. Pi plis w-ap rete nan tèt ansanm ak Jezi, pi plis w-ap pote fwi. Anplis, vèb « rete » Jezi sèvi avè l la pa si tèlman fè w sonje moman w-ap fè kichòy men se yon fason pou w viv k-ap pote fwi.

  26. Sèke, si w konnen moun k-ap viv konsa, petètw-ap wè ak yon ti souri, yon sèl ti pawòl, fason y-ap konpòte chak jou-a, fason y-ap reyaji devan tout sitiyasyon la vi a, yo reyisi touche kè moun yo jous yo rive kèk fwa fè yo rejwenn Bondye.

  27. Se konsa sen yo te ye. Men ou pa bezwen dekouraje. Tout kretyen yo kapab pote fwi. Ou konprann.

  28. Se nan peyi Pòtigal istwa sa te pase. Maria do Socorro, apre lise a fini, t ale nan inivètite a. Anbyans lan difisil. Anpil moun ap lite dapre lide pa yo epi yo vle rale dèyè yo etidyan yo ki poko pran pozisyon.

  29. Maria konnen byen chemen li vle swiv la menm si li pa fasil esplike l: swiv Jezi epi rete nan tèt ansanm avè l. Kondisip ki pa rekonèt li yo di se kannannan li ye san li pa gen lide. Kèk fwa li te wont lè li te rantre legliz la men li kontinye ale paske li santi li bezwen rete nan tèt ansanm ak Jezi.

  30. Fèt Nwèl la ap vini. Maria wè nan pami yo gen moun ki pa kapab retounen lakay paske yo rete two lwen. Li pwopoze lòt konpanyon li yo fè moun ki pa kapab ale lakay yon kado. Li sezi wè tout moun aksèpte touswit.

  31. Pita, yo fè eleksyon nan lise a epi, mèvèy, se li menm menm yo chwazi pou reprezante moun ki menm lane avè-l. Men sa k te fè l pi sezi se lè li tande moun yo di : “ Se yon bagay ki nòmal dèske yo te chwazi w paske se w menm sèl ki gen yon lide ki klè : ou konnen kisa w vle epi kijan pou w rive jwenn li.”

  32. Koulye a, gen kèk moun ki gen menm lide avè l epi ki vle viv tankou li menm. Se yon bèl fwi Maria do Socorro te pote paske li te rete nan tèt ansanm avèk Jezi.

  33. « Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen » (Jn 15,5). “Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari. Testo di: Chiara Lubich, gennaio 1979.Grafica di Anna Lollo incollaborazione con don Placido D’Omina (Sicilia - Italia)

More Related