1 / 19

Pawòl Lavi a

Pawòl Lavi a. Me 2010. « Sila ki renmen m nan, Papa m ap renmen l tou, epi map renmen l map fè l wè m » (Jn 14,21).

kaspar
Download Presentation

Pawòl Lavi a

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pawòl Lavi a Me 2010

  2. « Sila ki renmen m nan, Papa m ap renmen l tou, epi map renmen l map fè l wè m » (Jn 14,21).

  3. Renmen an se poto mitan dènye koze Jezi a : renmen Papa a pou Pitit la, renmen Jezi ki chita sou kenbe kòmandman l yo.

  4. Moun ki tap koute Jezi te kapab rekònèt nan pawòl li yo tankou yon eko liv Sajès la : « renmen se kenbe kòmandman yo » epi « moun ki renmen kapab wè li (bon konprann nan) fasil » (Saj 6,12). Epi anlè tout bagay, moun ki renmen l rive wè li, sanble ak Saj 1,2, kote yo di Granmèt la va fè moun ki kwè nan li menm wè li.

  5. Koulye a men sans Pawòl sa nap pwopoze a : sila ki renmen Pitit la, Papa a renmen l epi Pitit la renmen li tou epi lap fè l wè li.

  6. « Sila ki renmen m nan, Papa m ap renmen l tou, epi map renmen l map fè l wè m » (Jn 14,21).

  7. Pou n wè Jezi sa mande pou n renmen. Nou pa kapab imajine yon kretyen ki pa ta gen enèji sa, gwo fòs renmen sa nan kè l.

  8. Yon òlòj pa kapab mache, li pa bay lè a - nou kapab di se pa yon òlòj – si w pa ba l chenn. Se konsa tou, yon kretyen ki pa toujou pare pou l renmen, li pa merite non kretyen an.

  9. Paske tout kòmandman Jezi yo ranmase nan yon sèl : renmen Bondye epi renmen pwochen an paske w wè epi w renmen Jezi anndan li.

  10. Renmen an se pa sèlman yon santiman men li bezwen pase nan lavi chak jou a, nan sèvi frè w yo, yon fason espesyal sila ki bò kote w, nan fè bagay ki tou piti, sèvis ki tou senp.

  11. Chaldefouko te di konsa : « Lè w renmen yon moun, ou anndan li menm tout bon, ou anndan li menm ak renmen w lan, wap viv anndan li menm ak renmen an, ou pap viv anndan ou menm ankò, ou detache ou menm menm, ou deyò w menm »

  12. Lè w renmen konsa, limyè Jezi a fè wout li nan ou menm jan li te pwomèt la: « Sila ki renmen m nan... map fè l wè m ». Renmen an se sous limyè a : pi plis wap renmen, pi plis wap konprann Bondye se renmen. Se sa ki fè w va renmen pi plis epi wap rive jwenn yon bon jan relasyon ak tout pwochen w yo.

  13. Limyè sa, konesans renmen Bondye sa se siy, se prèv renmen an li vre. Esperianssa nou kapab fè l anpil fason, paske nan chak moun limyè a pran koulè ak aparans pa yo.

  14. Men limyè sa gen kichòy ki menm pou tout moun : li fè n wè sa Bondye vle, li ba n kè poze, li fè n konprann Pawòl Bondye a yon fason ki nouvo.

  15. Se yon limyè ki cho, kap ede n mache sou chemen lavi a yon fason ki pi sètèn, ki pi rapid.

  16. Lè fènwè lavi a vini epi li fè mache a vin pi difisil, lè nou pa ka avanse ankò poutèt fènwè sa, Pawòl Levanjil sa va fè limyè a limen ak renmen. Yon ti jès renmen (yon lapriyè, yon souri, yon ti mo) kapab kont pou l fè limyè a vini pou l pèmèt nou kontinye avanse.

  17. Lè yon moun sou bekàn nan nwit, si li kanpe l ap tonbe nan fènwè, men si li kontinye pedale, dinamo ki sou bekàn nan va ba l limyè pou l ka fè wout li.

  18. Se konsa tou nan lavi a: sèl sa nou bezwen pou n limen lafwa ak esperans lan se renmen, renmen vre, sa ki bay san li pa tann anyen nan men lòt la.

  19. « Sila ki renmen m nan, Papa m ap renmen l tou, epi map renmen l map fè l wè m » (Jn 14,21). “Pawòl Lavi a”, se yon dokiman mouvman fokolari yo voye chak mwa. Dokiman sa Kyara Libik te ekri li nan mwa sektanm 1999.Imaj yo,Anna Lolloansanm avèk PèPlacido D’Omina(Sisil - Itali) Yo tradwi Pawòl Lavi a nan 96 lang ak idyòm, epi li rive jwenn kèk milyon moun tout kote sou tè a pa lentèmedyè enprimri, radyo TV epi internèt – pou pran enfòmasyonwww.focolare.org Yo tradwi PPS la nan divès lang epi yo pibliye l souwww.santuariosancalogero.org

More Related