1 / 19

Pwogram Tit I ak Fanmi yo

Pwogram Tit I ak Fanmi yo. Objektif Reyinyon an. Dapre dekrè 2001 Lwa Okenn timoun pa dwe rete deyè a (No Child Left Behind), yo egzije pou lekòl yo fè yon reyinyon anyèl pou eksplike epi diskite: Pwogram Tit I ak egzijans li yo ki gen ladan l Plan/règleman sou patisipasyon fanmi

tanner
Download Presentation

Pwogram Tit I ak Fanmi yo

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pwogram Tit I akFanmiyo

  2. Objektif Reyinyon an • Dapre dekrè 2001 Lwa Okenn timoun pa dwe rete deyè a (No Child Left Behind), yo egzije pou lekòl yo fè yon reyinyon anyèl pou eksplike epi diskite: • Pwogram Tit I ak egzijans li yo ki gen ladan l • Plan/règleman sou patisipasyon fanmi • Kontra ant lekòl-paran • Dwa paran dwe konnen • Sipò adisyonèl • Kolaborasyon ant lekòl ak paran • Asosye nan biznis

  3. Kisa Tit I an ye? Tit I se yon sibvansyon federal ki: • bay distri lekòl yo fon siplemantè pou ede lekòl yo dapre estati sosyo ekonomik elèv yo pou ranpli objektif akademik yo • Ede fòme kapasite paran ak pwofesè • Ankouraje paran yo pou patisipe nan edikasyon pitit yo 

  4. Objektif Tit I Se pou asire tout timoun jwenn opòtinite pou yo resevwa yon bon kalite edikasyon epi atenn nivo preparasyon ak evalyasyon sou règleman akademik difisil eta a

  5. Finansman Tit I • Distri yo distribiye sibvansyon federal Tit I an bay lekòl ki kalifye yo dapre kantite elèv ki kalifye pou manje gratis/apri redui • Lajan Tit I dwe yon sipleman pou fon distri a • Yon kantite byen detèmine nan sibvansyon Tit I an dwe depanse pou patisipasyon fanmi ak devlopman pwofesyonèl • Paran yo gen dwa pou bay opinyon yo konsènan fason lekòl la itilize lajan Tit I li a

  6. Pwogram Tit I • Tout lekòl Tit I rejyon Palm Beach la suiv menm pwogram • Yo sèvi tout elèv ki nan lekòl Tit I yo men yo konsantre prensipalman sou elèv ki gen plis pwoblèm akademik yo • Tout anplwaye, resous yo ak klas yo fè pati pwogram jeneral tout lekòl la

  7. Plan/Règleman Pou Patisipasyon Fanmi • Chak lekòl Tit I dwe devlope ansanm ak paran yo, dakò epi distribiye ba yo yon plan/règleman patisipasyon fanmi alekri • Plan/règleman sou patisipasyon fanmi an dekri kòman lekòl la ap konsidere egzijans patisipasyon paran an ki gen ladan l devlopman kontra ant lekòl ak paran an

  8. Règleman/Plan pou Patisipasyon Fanmi • Lekòl Tit I yo dwe: • Bay paran yo enfòmasyon alè osijè pwogram Tit I an • Eksplike kourikoulòm, evalyasyon ak estanda minimòm yo mande elèv yo pou reyalize • Ofri yon kantite reyinyon, dat ak lè kote paran yo kapab vini

  9. Plan/Règleman pou Patisipasyon Fanmi Lekòl Tit I yodwe: • Fè paran patisipe nan pran desizyon konsènan fason lajan Tit I ki te rezève pou patisipasyon paran an dwe depanse • Bay dokiman pou montre fanmi yo resevwa enfòmasyon ki tradui nan lang natifnatal yo • Bay prèv gen kominikasyon kontinyèl ant lekòl la, fanmi yo, elèv yo, epi kominote a

  10. Règleman/Plan pou Patisipasyon Fanmi Lekòl Tit I yodwe: • Bay enfòmasyon sou kòman lekòl la te travay ak kominote, volontè ak asosye biznis yo pou ogmante reyisit elèv • Bay anplwaye ak paran yo fòmasyon pou amelyore akonplisman elèv ak sipòte patisipasyon fanmi

  11. Règleman/Plan pou Patisipasyon Fanmi • Antreprann ansanm yon evalyasyon anyèl sou kontni ak efektivite règleman/plan patisipasyon fanmi lekòl la • Kontwole ak evalye estrateji règleman/plan patisipasyon fanmi peryodikman • Itilize rezilta evalyasyon an pou kreye epi revize estrateji yo pou patisipasyon fanmi yo vin pi efektif Lekòl Tit I yodwe:

  12. Kontra ant Lekòl-Paran • Chak lekòl dwe gen yon kontra lekòl-paran kote se komite lekòl la ak paran yo ki ekri li • Kontra a dwe defini responsablite elèv la, paran yo, epi anplwaye lekòl yo nan efò yo pou elve nivo reyisit elèv la • Yo dwe distribye kontra a nan moman konferans paran-pwofesè yo • Chak ane, paran yo, elèv yo, epi pwofesè yo dwe revize epi siyen kontra a

  13. Dwa Paran pou yo Konnen • Paran yo gen dwa pou mande ak resevwa enfòmasyon alè sou kalifikasyon pwofesyonèl pwofesè ak asistan pwofesè pitit yo • Yo dwe enfòme paran an si pwofesè yo te deziye oswa ki t ap anseye a deja gen kat semèn an fonksyon san li pa gen ase kalifikasyon

  14. Dwa Paran pou yo Konnen • Yo dwe bay paran yo enfòmasyon sou nivo pwogrè pitit yo pou chak evelyasyon akademik eta a lalwa egzije • Nan tout mezi sa posib, enfòmasyon an dwe nan lang paran an kab konprann

  15. Rechèch montre… (Epstein and Associates, 2009) Kèlkeswa kondisyon sosyoekonomik yo, lè paran patisipe, elèv yo gen plis chans pou: • ale lekòl regilyèman • fè meyè nòt • fè pibon pwen • pase klas yo • pase pou al nan klas siperyè • adapte yo ak chanjman • gen pi bon aptitid sosyal • gradye • kontinye edikasyon yo

  16. Kolaborasyon ant Lekòl ak Paran • Lekòl la dwe travay ak paran yo pou fè sèten timoun yo fè pwogrè • Lekòl la dwe mete ansanm ak paran yo pou pran desizyon ki benefik pou edikasyon pitit timoun nan • Kolaborasyon ant lekòl ak paran fèt andedan komite konsèy lekòl la, komite konsèy paran Tit I Distri a ak komite ki pran desizyon nan lekòl la

  17. Kolaborasyon ant Lekòl ak Paran • Lekòl la bay paran yo opòtinite pou bay tan ak talan yo kòm volontè • Lekòl la ofri paran yo atelye fòmasyon, trening ak reyinyon ant paran ak pwofesè

  18. Kolaborasyonant Lekòl ak Paran Lekòl la bay paran yo materyèl pou ede yo travay ak pitit yo. Gen kèk lekòl Tit I ki gen sal resous ki favorize paran yo kote yo kab jwenn materyèl pou itilize lakay.

  19. Fanmi + Lekòl = Siksè

More Related